Image
2023-2024 M-DCPS TITLE I PARAN/FANMI ANGAJMAN SONDAJ

SEKSYON 1: ENFOMASYON KI SOTI NAN LEKOL LA
 
Wi
Non
Mwen pa konnen
Èske yo te enfòme w sou dwa ou genyen pou w mande enfòmasyon konsènan kalifikasyon pwofesyonèl pwofesè pitit ou a?
Èske ou te resevwa enfòmasyon konsènan pefòmans lekòl pitit ou a nan Evalyasyon Distrik oswa Eta yo?
Èske ou te resevwa enfòmasyon konsènan atant sou nivo ane eskolè, metriz selon nivo ane eskolè, oubyen ki nòt pitit ou fè nan egzamen Eta yo?
Èske ou te resevwa enfòmasyon konsènan egzamen estandadize, tankou “Florida Assessments of Student Thinking (FAST)” (Egzamen Florid sou Fason Elèv Reflechi), “Accessing Comprehension and Communication in English State-to-State for English Language Learners (ACCESS for ELLs)” (Aksè nan Konpreyansyon ak Kominikasyon nan Anglè nan Diferan Eta pou Elèv ki Ap Aprann Anglè), “End-of-Course Assessment (EOCs)” (Evalyasyon Fen Kou), “Florida Standards Alternate Assessment (FSAA)” (Evalyasyon Altènatif pou Estanda Florid) eks.., ak fason pou w ede pitit ou fè siksè nan lekòl?
Èske ou te resevwa enfòmasyon konsènan fason pou w suiv e kontwole pwogrè pitit ou? (egz. Pòtal Paran an)
Èske ou te resevwa enfòmasyon konsènan fason ou ka travay avèk pwofesè yo pou ede pitit ou amelyore siksè ak akonplisman li?
Èske ou te patisipe nan youn oubyen plizyè reyinyon, fòmasyon, oubyen evènman sou fason pou ede pitit ou ak lekòl?
Èske w santi direktè ak administratè lekòl la te dispoze pou kominike avèk ou?
Èske w santi anplwaye lekòl la te dispoze pou kominike avèk ou?
Èske w santi pwofesè nan lekòl la te dispoze pou kominike avèk ou?
Èske ou santi lekòl pitit ou a valorize sijesyon ak opinyon ou?


SEKSYON 2: KOMUNIKASYON AVÉK LEKOL LA
 
Wi
Non
Mwen pa konnen
Èske lekòl pitit ou a ba ou enfòmasyon ki fasil pou w li e konprann nan yon lang ou pale?
Èske w konnen kijan pou w kontakte pwofesè pitit ou?
Èske te gen entèprèt ki disponib oubyen èske yo te fè akomodasyon pou bezwen espesyal ou genyen pou ede w nan aktivite/reyinyon lekòl pitit ou a oswa Biwo ‘Title I’ òganize, si nesesè?
Èske w mande pou aktivite, reyinyon, e/oubyen materyèl espesifik nan lekòl pitit ou?
Èske w santi gen yon moun nan lekòl la ki disponib pou eksplike ou poukisa aktivite yo, reyinyon yo, e/oubyen materyèl yo te nesesè oubyen pa t nesesè?
Èske ou te patisipe nan Reyinyon pou Paran Konsènan Benefis Pwogram Anyèl Title I, lekòl pitit ou a òganize, oswa nan nenpòt reyinyon kote yo te diskite objektif ak aktivite Pwogram Title I ansanm ak Plan Title I Angajman Paran ak Fanmi nan nivo Distri ak nivo Lekòl (PFEP) (PFEP)?


SEKSYON 3: TIT 1 ENFOMASYON
 
Wi
Non
Mwen pa konnen
Eske ou te patisipe nan Reyinyon Paran Anyèl Title I lekòl pitit ou a te fè oswa nan nenpòt reyinyon kote objektif ak aktivite Pwogram Title I a, ki gen ladann yon diskisyon sou Plan I Angajman Paran ak Fanmi nan Distri Title I (PFEP) ak Lekòl Plan Nivo Angajman Paran ak Fanmi (PFEP)?
Si ou te mande sa, èske yo te ba ou “Title I District-level and School-level PFEP”, (PFEP Title I nan nivo Distri e nan nivo Lekòl) nan yon lang ou konprann?
Èske ou te konnen ou ka patisipe nan devlopman e revizyon “Title I District-level Parent and Family Engagement Plan (PFEP)” (PFEP Title I pou Angajman Paran ak Fanmi nan nivo Distri a), PFEP nan nivo Lekòl ak Akò Lekòl-Paran Title I pou pitit ou a?


SEKSYON 4: BARAJ AK OBSTAK POU PI GWO ANGAJMAN PARAN

Dapre ou menm, ki baryè/oubyen obstak ki te anpeche w pran plis angajman kòm paran? (tcheke tout sa ki aplike)
Lòt (silvouplè espesifye): :


SEKSYON 5: TOPIK KI ENTERESE’W

Nan lis ki anba a, silvouplè idantifye tout sijè ou ta renmen resevwa plis enfòmasyon oubyen gid sou yo:


SEKSYON 6: SIJESYON AK KOMANTÉ

Silvouplè bay kèk sikjesyon pou ede nou sou kijan nou ka pi byen angaje paran ak fanmi nan aplikasyon sèvis anyèl Title I Pati A, ak fason pou remànye aktivite avek efikasite nan (PFEP Title I pou Angajman Paran ak Fanmi nan nivo Distri a), ak Akò Lekòl-Paran Title I pou ane lekòl ki ap vini an.